TSK

TSK · 2 Chronicles 23:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.

¶ Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa peyi Jida yo.

Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.

Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki soti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.