TSK

TSK · 2 Chronicles 25:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.

L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo.

¶ Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.

Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'.

Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil sòlda sou zòd li.