TSK

TSK · 2 Chronicles 28:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.

Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.

Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.