TSK

TSK · 2 Chronicles 28:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l'. Li fè yo tounen bondye pa l', li sèvi yo, li boule lansan pou yo.

¶ Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!

Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.

¶ Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l' repons sa yo, li di yo konsa:

¶ M'ap detwi nou, nou menm pèp Izrayèl la, paske nou vire sou do mwen, mwen menm ki tout sekou nou.