TSK

TSK · 2 Chronicles 29:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.

katmil pou fè pòs nan pòtay la ak katmil pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.

Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!

Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!

Seyè a delivre m'! N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n'a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou.