TSK

TSK · 2 Chronicles 30:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.

¶ Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,

Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankò.

lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.

Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.

Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.

Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.

Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou.

¶ Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.

Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.