TSK

TSK · 2 Chronicles 33:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.

Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!

Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa.

Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.

Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.

Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.

Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.

Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo.