Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a.
TSK
TSK · 2 Chronicles 33:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas.
Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.
Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an.
Yo t'ap pale sou Bondye lavil Jerizalèm lan tankou yo te konn pale sou bondye lòt nasyon yo ki yon bann estati moun fè ak men.
Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.