TSK

TSK · 2 Chronicles 34:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye.

¶ Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'.

David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l', pou di l' mèsi, pou fè lwanj li.

katmil pou fè pòs nan pòtay la ak katmil pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.

Sa te fè antou desankatrevenwit mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a.

Ezra 3:9 TSK

Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fèt nan tanp Bondye a.

¶ Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich.