TSK

TSK · 2 Chronicles 4:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.

¶ W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen.

Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an.

Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat.

Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.