Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
TSK
TSK · 2 Chronicles 5:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.
Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
¶ Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.
Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a, kontra li te pase ak moun pèp Izrayèl yo.
¶ Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.