Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt.
TSK
TSK · 2 Chronicles 6:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.
¶ Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.
Esdras, direktè lalwa a, te kanpe sou yon lestrad an bwa yo te bati espre pou sa. Sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaja, Ourija, Ilkija ak Maseja. Sou bò gòch li, te gen Pedaja, Mikayèl, Malkija, Achoum, Achbadana, Zakarya ak Mechoulam.
Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
¶ Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.