TSK

TSK · 2 Chronicles 8:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.

¶ Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

wa Salomon fè ranmase trantmil moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve.

Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.

Lè sa a, Salomon fè konte mete sou lis tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi Izrayèl la, menm jan David, papa l', te fè l' la. Li jwenn sansenkanntwamil sisan moun.