TSK

TSK · 2 Corinthians 1:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.

Men, lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa soti.

¶ Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.

Tanpri, pa fòse m' moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m' sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm.

Kifè m' te moute a, se paske Bondye te fè m' konnen pou m' te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo bon nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pa t' vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen.

¶ Anvan tout lòt bagay, frè m' yo, men sa ki pi enpòtan: piga nou fè sèman sou syèl la, ni sou latè a, ni sou ankenn lòt bagay. Lè nou di wi, se wi, non, se non. Konsa, nou p'ap tonbe anba jijman Bondye.