TSK

TSK · 2 Corinthians 1:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.

Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.

Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!

Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Se pou yo kenbe l' kout jouk l'a fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li.

Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.

¶ Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.

Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li.

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan.

¶ Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.

Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.