TSK

TSK · 2 Corinthians 11:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m' pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa.

Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m' te aji jan m' te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m'ap pèmèt mwen fè sa tou.

¶ Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.