TSK

TSK · 2 Corinthians 11:28

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye.

Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye.

Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.

Koulye a, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m' di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a.

Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.

¶ Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen.