TSK

TSK · 2 Corinthians 12:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Rachèl ak Leya reponn Jakòb: -Nou pa gen anyen ankò pou n' eritye nan men papa nou.

¶ Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.

-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.

¶ Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.

Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.

Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.

¶ Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te kòmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa.

¶ Se pou sa, frè m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a.

Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.

Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.