TSK

TSK · 2 Corinthians 3:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou.

Menm si nou ta rive gen dimil moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.

Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon.

¶ Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.

¶ Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.

Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa.