M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
TSK
TSK · 2 Corinthians 3:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
(Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)
Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
¶ Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
¶ Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.
Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.
Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.
¶ Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.
Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo.