TSK

TSK · 2 Corinthians 4:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.

Si n'ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la.

¶ Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.

Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan.

Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.