Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo.
TSK
TSK · 2 Corinthians 4:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la.
Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?
¶ Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.
Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.
Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.
¶ Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m' fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj.
Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.
Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.
Nou chonje kisa ki te fè m' anonse nou bon nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m' te malad.
li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.
Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.
Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.
Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.