TSK

TSK · 2 Corinthians 7:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!

David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.

Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.

Akab al lakay li men li byen mare. Li te fache poutèt Nabòt te di l' li p'ap vann byen eritaj li a. Li moute kabann, li kouche, li bay figi l' nan panno, li derefize manje.

¶ Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.

¶ Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.

Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.

Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'.

Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.

¶ Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.

Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.

Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.

Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.

Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.