TSK

TSK · 2 Corinthians 7:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.

Se nou menm, moun Korent, ki lèt rekòmandasyon mwen, yon lèt ki ekri nan kè m' pou tout moun ki konn li ka li li.

¶ Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutèt sa, sa te ban m' anpil ankourajman.

Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa?

Mwen pran Bondye sèvi m' temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki soti nan Jezikri.