TSK

TSK · 2 John 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal.

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

¶ Mwen pa t' manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Seyè a, paske nou vin fè m' wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m' non. Men, nou pa t' ankò jwenn okazyon fè m' wè jan nou fèb pou mwen.

¶ Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou.

Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.