TSK

TSK · 2 Kings 1:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.

Eli reponn: --Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.

L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!

Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen.

Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.