TSK

TSK · 2 Kings 1:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

Rès istwa Joakaz la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.

¶ Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

Tout rès istwa Zakari a ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.

Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.