TSK

TSK · 2 Kings 10:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè Joram mouri, yo antere l' nan kavo zansèt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li.

Lè sa a Joram di: --Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.

¶ Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sèl Okozyas, dènye pitit gason l' lan, te rete. Se konsa pèp Jerizalèm lan fè Okozyas wa nan plas papa l'.