TSK

TSK · 2 Kings 10:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.

N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.

Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.

Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.

Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.

nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo.

Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Nou pa t' koute ou, Seyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo.

Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.