TSK

TSK · 2 Kings 10:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.

Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.

Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.

¶ Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari.

Lè Joakaz mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.