TSK

TSK · 2 Kings 13:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a di Jeou konsa: --Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon.

¶ Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a.

¶ Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.

Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l': Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou.