TSK

TSK · 2 Kings 13:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pandan sèt jou, moun Siri yo ak moun Izrayèl yo rete nan kan yo, yonn anfas lòt. Sou setyèm jou a yo konmanse goumen. Moun Izrayèl yo touye sanmil moun Siri.

Seyè a voye yon moun pou sove pèp la. Se konsa, moun peyi Izrayèl yo soti anba men pèp Siri a. Yo tanmen viv ankò ak kè poze tankou anvan.

Lè sa a, pwofèt la fache sou li, li di l' konsa: --Se pou ou te frape atè a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nèt nèt ak yo. Koulye a, ou pral bat yo twa fwa ase.