Si ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je.
TSK
TSK · 2 Kings 14:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Tout rès istwa Joas la, tout sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè ak Amasya, wa peyi Jida a, tou sa te ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.
¶ Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an.
¶ Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.
¶ Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.