TSK

TSK · 2 Kings 14:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon.

Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: --Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.

Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.

Menayèm, pitit gason Gadi, soti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l' al atake Chaloum. Li touye l', lèfini li moute wa nan plas li.

Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.

¶ Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.

Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t'ap fè konplo sou do l' lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'.