Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
TSK
TSK · 2 Kings 16:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la.
Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'.
Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l'.
Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.
¶ Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l' nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal.