Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.
TSK
TSK · 2 Kings 17:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Judges 18:30
TSK
2 Kings 10:29
TSK
¶ Men li tonbe nan menm peche ak wa Jewoboram, pitit Nebat la, ki te lakòz pèp Izrayèl fè sa ki mal: li sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann.
2 Kings 13:2
TSK
Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.
2 Kings 13:11
TSK
Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li lage kò l' pi rèd ladan l'.