TSK

TSK · 2 Kings 17:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.

Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.

¶ Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.

Hosea 8:5 TSK

Mwen pa ka sipòte estati towo bèf moun Samari yo ap adore a. Se konsa mwen fè kòlè, mwen fache anpil sou yo. Kilè y'a sispann sèvi zidòl?

Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.