TSK

TSK · 2 Kings 18:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.

mwen menm, Seyè a, m'ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L'ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l'ap desann. L'ap gonfle, l'ap debòde sou tout rivaj li yo.

¶ Ezekyas te gen katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil nan peyi Jida ki te gen gwo ranpa pou pwoteje yo. Li pran yo.

Micah 1:8 TSK

¶ Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m' fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou frize, m'ap wouke tankou chen.