TSK

TSK · 2 Kings 18:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

¶ Kèk tan apre sa, Senakerib, wa peyi Lasiri a, te rive devan lavil lakis ansanm ak tout lame li a pou l' atake l'. Li voye kèk chèf bò kote Ezekyas, wa peyi Jida a ak bò kote tout pèp ki te lavil Jerizalèm lan avèk mesaj sa a:

¶ Sa te pase nan lanne Sagon, wa peyi Lasiri, te bay kòmandan chèf lame li a lòd pou l' te al atake lavil Asdòd nan peyi moun Filisti yo. Epi li pran l'.

Apre sa, li bay chèf gad palè li a lòd pou li kite lavil lakis ak yon gwo lame pou l' moute lavil Jerizalèm ale bò kote wa Ezekyas. Chèf gad palè a rive sou wout ki mennen nan jaden kote yo rense twal ki fenk tenn yo, li moute kan li toupre gwo kannal ki bay dlo nan sitèn anwo lavil la.