TSK

TSK · 2 Kings 18:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la?

Li di yo: --Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.

-Men sa Senakerib, wa peyi Lasiri a, voye di nou: Poukisa nou gen tout konfyans sa a, kifè nou rete nan lavil Jerizalèm ki sènen toupatou a?

Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!

Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: -Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a?

Li di yo: -Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans lan, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.

li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.