TSK

TSK · 2 Kings 18:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.

¶ Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.

Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an.

Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.