TSK

TSK · 2 Kings 18:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li di yo: --Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.

¶ Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la.

¶ Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.

Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a.

Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.

Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

¶ Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li!

Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.