TSK

TSK · 2 Kings 2:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.

Apre sa, Seyè a di Jozye konsa: -Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l' jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a.

Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo.

Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.

¶ Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: --Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.

Luke 9:51 TSK

¶ Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm.

Se paske Enòk te gen konfyans nan Bondye kifè li moute nan syèl la bò kot Bondye san li pa janm mouri; apre sa, pesonn pa janm wè kote l' ye ankò. Se Bondye menm ki te fè pran l' mennen l' bò kote li. Nou jwenn ekri nan Liv la ki jan Enòk te fè Bondye plezi lontan anvan Bondye te fè l' moute nan syèl la.