Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.
TSK
TSK · 2 Kings 2:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
1 Samuel 10:5
TSK
1 Kings 18:13
TSK
Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.
2 Kings 2:17
TSK
Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: --Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.
2 Kings 5:22
TSK
Gerazi reponn li: --Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.
2 Kings 9:1
TSK
¶ Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: --Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.