TSK

TSK · 2 Kings 20:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!

Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: --Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.

¶ Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.

¶ Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la.