TSK

TSK · 2 Kings 21:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.

Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.

Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'.

¶ Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka.

¶ Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sèzan lè sa a.