TSK

TSK · 2 Kings 21:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt.

¶ Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.

Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.

Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.

Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.

Apre sa, nonm lan fè m' pase nan pòtay bò solèy leve a pou antre nan ti lakou anndan an. Li mezire pòtay la, li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo.

Nonm lan mezire ti lakou anndan an. Li te kare kare. Chak bò te mezire sanswasantwit pye. Kay la menm te moute sou bò solèy kouche a ak lotèl la devan li.

Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt.