TSK

TSK · 2 Kings 22:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li.

¶ Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan.

¶ Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.

Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.

¶ Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.