TSK

TSK · 2 Kings 22:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.

Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: --Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn.

Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan ons lò, karannsimil sètsanswasanndis ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.

Se mwen menm Seyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.

Luke 2:36 TSK

Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l' te jennfi a.

Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale.