TSK

TSK · 2 Kings 23:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sanble bò kote m' tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m' fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen sa mwen pral di nou la a.

¶ Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil gason.

Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a.

¶ Lè sa a, wa a voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a, pou yo reyini ansanm avè l'.